USA: +1-754-4266-3266 / Haïti: +509-4483-9758 | raynaldlouis@gmail.com

Dwa fanm : 6 òganizasyon feminis nan Pòtoprens gen gwo tèt chaje sou feminisid yo, krim san parèy k ap fèt sou fanm, nan peyi d Ayiti

Dokiman sa a vin jwenn AlterPresse nan dat 27 novanm 2020

Deklarasyon òganizasyon feminis yo nan okazyon 25 novanm (2020), Jounen entènasyonal kont vyolans sou fanm

Divès òganizasyon feminis nan Pòtoprens chwazi, ane sa a (2020) pou yo komemore ansanm dat 25 novanm nan sou tèm feminisid la.

Demach sila a fèt, nan lide pou fè konprann enterè, kòz n ap defann nan genyen pou sosyete a. Se nan lide pou reafime dwa fondalnatal nou genyen pou viv epi pou diyite nou respekte. Se nan lide pou redi nou derefize karebare zafè krim ak ensekirite, k ap fè sosyete nou an pèdi sou imanite li.

Kò ansasinay sou fanm, se yon fenomèn enkyetan ki mache ak volonte pou pilonnen diyite viktim yo, jouk nan lanmò yo. Fanm y ap touye nan mitan lari, se yon espektak ki inakseptab. Kò fanm yo fin matirize, rache, kankannen, jete sou pil fatra oswa nan raje, se yon espektak ki inakseptab, ki revolte konsyans nou, kòm fanm k ap goumen pou fè respekte dwa moun.

Lanmò vyolan fanm sa yo, se pa yon senp koze ensekirite.

Lanmò sa yo se feminisid.

Kidonk, se krim ki kòmèt nan sosyete, ki pa gen konsiderasyon pou fanm. Se krim ki montre dènye longè vyolans ka rive sou moun ki se fi. Krim sila yo jwenn ranfò nan pratik rayisman pou fanm, nan zafè derefize rekonèt ak respekte dwa yo. Yon sitiyasyon sosyete a ta vle banalize. E lè se alatèt Leta yo menm k ap denigre fi, sa tou mete fanm yo nan sitiyasyon pou sibi pi plis, vyolans k ap bwote lavi yo.

25 novanm, se yon dat ki chaje ak senbòl pou feminis yo, espesyalman pou feminis nan Karayib ak Amerik latin nan, paske se yo menm ki te adopte dat sa a nan lane 1981.

Lite pou derasinen vyolans sou fanm, se yon chwal batay feminis ayisyèn yo, depi epòk okipasyon meriken 1915 la, lè yo t ap denonse abi seksyèl okipan yo.

Diktati Divalye a te enpoze feminis yo travay. Lè rejim nan tonbe an 1986, feminis yo reprann flanbo a. E depi lè a, feminis yo pa janm sispann goumen. Se toulèjou yo mobilize pou fè prevansyon vyolans sou fanm, pou sansibilize ak enfòme popilasyon an, pou ankouraje pote plent epi denonse abi yo, pou akonpaye viktim yo ak fanmi yo, pou ekzije yo respekte dwa fanm yo, pou denonse kalbenday Leta, k ap bay enpinite jarèt epi ki mete atoufè alèz pou kontinye komèt ekzaksyon, san kè sote.

Batay pou derasinen vyolans sou fanm, se yon kokenn defi, ni an Ayiti, ni aletranje, paske van kontrè yo fò anpil.

Kwaksa, feminis yo rete kwè sosyete a ka rive emansipe, si li deside respekte dwa fanm ak pwoteje dwa lavi yo.

Vyolans sou fanm, se zafè tout moun nèt !

An n bay lebra pou derasinen tout fòm vyolans sou fanm !

Pòtoprens, 25 novanm 2020

Pou otantifikasyon : Danièle Magloire, Kay Fanm

Signatèz yo :

1. Kay Fanm

2. Solidarite fanm ayisyèn (Sofa), Sabine Lamour, Kòdonatris jeneral

3. Rezo fanm nan radyo kominotè ayisyen (Refraka), Marie Guyrleine Justin, Direktris ekzekitiv

4. Fanm Yo La, Eloïse Massini Dorléans, Kòdonatris jeneral

5. Fondation Toya, Nikette Lorméus, Prezidant konsèy direksyon

6. Nègès Mawon, Pascale Solages, Kòdonatris jeneral

About the Author

Leave a Reply

*